TPS nan yon kafou. Pa panike. Ann prepare! TPS nan yon kafou. Pa panike. Ann prepare! Apre Dènye Desizyon Lakou Siprèm nanDesizyon Lakou Siprèm 25 jen ki sot pase la a, vrèman bay Moun ki gen TPS yo ak kominote imigran yo nan tout peyi a gwo enkyetid. Lakou Siprèm redwi kapasite tribinal ki pi ba yo (federal yo) pou fouye je gade desizyon DHS yo pou kanpe TPS, epi li pèmèt yo kontinye ak revoke TPS pou Ayiti ak Siri. Pou Ayisyen ki gen TPS yo, Lakou a di tou ke plent pou diskriminasyon sou baz ras la pa gen anpil chans pou li reyisi, sa ki deja sispann pwoteksyon tribinal yo te bay la. Desizyon sa a pa vle di yo estati TPS la kanpe menm lè desizyon an imedyatman pou tout moun. Nan jiridiksyon kote lòd tribinal distrik yo toujou an vigè, pwoteksyon TPS yo rete an plas pou kounye a. Men, sof si gen yon lòt entèvansyon legal, desizyon Lakou Siprèm nan ta dwe pran efè nan anviwon 32 jou. Sa Sa Vle Di? Sispann TPS pou Ayiti ak Siri ap kontinye.Tribinal ki pi ba yo (federal yo) kounye a gen mwens pouvwa pou bloke desizyon sispann TPS sof si ta gen yon reklamasyon sou baz konstitisyon ta kontinye.Ayisyen ki gen TPS Ayisyen yo vin fè fas ak yon danje legal pou koulye a paske Tribinal la te voye jete teyori diskriminasyon an nan ka sa a.Gen kèk dosye ki toujou devan lajistis, kidonk se pa tout opsyon legal ki fèmen.What TPS Holders Should Know Now? Pa panike. Rete enfòme. Prepare Ou! Konnen Dwa Ou! Si ou kapab, ale nan reyinyon sou dwa ou sou entènèt oswa an pèsòn oubyen konsilte dokiman enfomasyon sou dwa ou ki disponib an Anglè, Espanyòl, Franse ak Kreyòl Ayisyen.Kenbe kat travay ou, resi yo te apwove TPS ou yo, ak dokiman imigrasyon ou yo ansanm.Si ou kapab, konsilte yon avoka imigrasyon sou dosye ou a pou li ka gade ak ou ki lòt opsyon imigrasyon ki posib pou ou.Si w pa kapab peye sèvis yon avoka imigrasyon, kontakte depatman legal yon òganizasyon kominotè pi vit ke posib. · Evite pran desizyon vwayaje oubyen pran lòt desizyon legal san konsèy yon avoka imigrasyon Fè yon Plan Ijans pou fanmi ou – gade videyo preparasyon pou ijans ki disponib an Anglè, Panyòl, Fransè ak Kreyòl Ayisyen.Rete konekte pou sa konnen tout dènye nouvèl ofisyèl yo atrave òganizasyon k ap defann dwa imigran yo. Pou Fanmi ak Kominote yo Desizyon sa a pa sèlman afekte moun ki gen TPS yo. Li afekte fanmi yo, kote yo ap travay yo, lekòl yo, ak kominote ki depann de pwoteksyon TPS yo. Anpil Mmoun ki gen TPS ap viv Etazini depi plizyè lane, yo leve pitit yo, yo bati karyè yo, epi yo kontribye nan kominote yo. Kanpe pwoteksyon yo san yon byen analize desizyon enpòtan sa a kreye laperèz, enstabilite, ak separasyon. TPS, DACA, ak Dwa sitwayènte lè fèt sou teritwa a se batay ki konekte youn ak lot. lit ki lye. Batay pou pwoteksyon tanporè a fè pati pi gwo batay pou kenbe fanmi yo ansanm, nan diyite, ak yon mwayen pou estati legal pèmanan. Rèl pou Aji Batay pou pwoteksyon TPS yo poko fini, epi aksyon kominotè a pi enpòtan plis ke tout tan anvan yo. Nou ankouraje tout moun pou yo jwenn enfomasyon sou Pwojè Lwa Sena a S. 4814, pou ta deziye Ayiti pou TPS epi ede pwoteje fanmi Ayisyen yo pou yo pa pèdi èd yo bezwen pou imigrasyon.Li lè pou fanmi sitwayen ameriken nou yo, zanmi nou yo, vwazen nou yo ak manm kominote nou yo rele epi voye imèl bay senatè yo epi mande yo pou yo vote Wi. HBA ak òganizasyon patnè li yo ap kontinye pouse pou bon jan pwoteksyon atravè defans legal, edikasyon piblik, bati kowalisyon, ak sipò dirèk nan kominote a. Efò sa yo konsantre sou defann moun ki gen TPS yo, jwenn plis opsyon pou pwoteksyon, epi mande solisyon sou plis tan pou fanmi yo rete ansanm ak pou kominote yo estab.Ou ap jwenn la a plis resous pou TPS sou tout peyi yo. Rete vijilan. Rete konekte. Jwenn konsèy legal. Pwoteje dokiman ou yo. @haitianbridge