IMPORTANT UPDATE FOR HAITI TPS HOLDERS

IMPORTANT UPDATE FOR HAITI TPS HOLDERS

07/10/2026 10/07/2026
IMPORTANT UPDATE FOR HAITI TPS HOLDERS DÈNYE ENFÒMASYON ENPÒTAN POU AYISYEN KI GEN TPS 
Your TPS and Work Authorization Remain Valid for Now TPS ou a ak Otorizasyon Travay ou Toujou Valab pou Kounye a
USCIS has confirmed that Haitian TPS beneficiaries keep their status and employment authorization under the current court order. The Forms I-766 Employment Authorization Documents (category A12 or C19) remain valid and are extended for now. This is limited relief while the courts continue reviewing the case. USCIS konfime jodi, vandredi 10 jiyè a, ke Ayisyen ki gen TPS yo toujou kenbe estati yo a ak otorizasyon travay yo anba dènye lòd tribinal la. Dokiman Otorizasyon Travay Fòm I-766 yo (kategori A12 oswa C19) toujou valab epi yo pwolonje pou kounye a. Se yon soulajma tou kout pandan tribinal yo kontinye ap revize ka a.
WHAT THIS MEANS ·       Haiti TPS is still valid today under the current court order. ·       Haiti TPS-based work permits remain valid for now – July 24, 2026.  ·       Employers should continue to recognize valid Haitian TPS documentation. ·       This protection may change later this month, so stay alert for updates.   SA VLE DI  ·       TPS Haiti toujou valab jodia anba dènye lòd tribinal. ·       Otorizasyon Travay anba TPS ou a toujou valab pou kounye a – 24 Jiyè 2026 ·       Amplayè yo ta dwe kontinye aksepte dokiman travay ki toujou valab yo pou Ayisyen ki gen TPS yo. ·       Pwoteksyon sa a ka chanje nan  fen mwa sa a, kidonk rete branche pou jwenn tout dènye enfòmasyon yo.
WHAT TO DO NOW ·       Keep your TPS approval notices and EAD together in a safe place. ·       Make copies or take photos of your documents. ·       Check your work permit category and expiration date. ·       Show your employer the USCIS July 10, 2026 notice if needed. ·       Do not assume your status has ended unless you receive official updated guidance. ·       Speak with an immigration attorney or trusted legal organization if you have questions about travel, work, or renewal. SA POU OU FÈ KOUNYE A ·       Kenbe tout lèt kote yo te apwouve TPS ou yo epi mete kat Travay ou yo (EAD) yon kote an sekirite ·       Fè kopi oub yen fè foto dokiman ou yo ·       Tcheke kategori pèmi travay ou yo ak dat ekspirasyon yo. ·       Montre patwon ou dènye avi USCIS 10 jiyè, 2026 la si sa nesesè ·       Pa sipoze estati ou a fini sof si ou resevwa dènye avi ofisyèl yo. ·       Pale ak yon avoka imigrasyon oubyen yon òganizasyon k bay sèvis legal ou fè konfyans si ou gen kesyon sou vwayaj, travay oubyen pou renouvle papye ou.
FOR EMPLOYERS ·       Continue accepting valid Haitian TPS documents and work authorization. ·       Do not remove workers from payroll based on rumors or media reports. ·       Keep a copy of the USCIS notice for your records. ·       Monitor official USCIS updates before making any changes. POU PATWON YO  ·       Kontinye aksepte dokiman TPS ak otorizasyon travay Ayisyen k valab yo. ·       Pa retire anplwaye yo sou lis pewòl la sou baz rimè oubyen nouvèl laprès yo. ·       Kenbe yon kopi avi USCIS la pou dosye ou. ·       Toujou tcheke dènye enfòmasyon ofisyèl USCIS yo anvan ou fè nenpòt chanjman.
COURT TIMELINE ·       On July 1, the government asked the D.C. Circuit for a stay of the district court order. ·       On July 2, the court gave the Haitian plaintiffs until July 13 to respond and the government until July 20 to reply. ·       A ruling before July 20 appears unlikely. ·       The Supreme Court mandate in Mullin v. Doe is not expected before July 27.   TAN PWOSEDI JIDISYÈ YO ·       1ye jiyè, gouvènman an te mande D.C. Circuit la kanpe lòd tribinal distri a. ·        2 jiyè, tribinal la te bay plenyan Ayisyen yo jouk 13 jiyè pou reponn epi gouvènman an jouk 20 jiyè pou bay repons pa yo a. ·       Ta sanble pa gen anpil chans pou gen yon desizyon anvan 20 jiyè. ·       Yo pa atann manda Kou Siprèm nan nan Mullin v. Doe pa anvan 27 jiyè.
STAY CONNECTED Stay informed through trusted immigrant-rights organizations, community groups, and official USCIS updates. Keep your documents safe, your contact information current, and your family prepared. Haiti TPS holders still have protection today.  Stay informed and stay ready. RETE BRANCHE  Rete enfòme nan swiv òganizasyon dwa imigran ou fè konfyans, gwoup kominotè yo, ak mizajou ofisyèl USCIS yo. Kenbe dokiman ou yo an sekirite, enfòmasyon kontak ou ajou, epi prepare plan ijans pou ou ak fanmi ou. Ayisyen ki gen TPS toujou gen pwoteksyon yo pou kounye a. Rete branche epi prepare Ou.
Stay Informated! Stay Connected!  Text HBA to: 9497126333, join our Community WhatsApp group and follow us on Social Media @HaitianBridge Rete enfòme! Rete branche!  Voye Tèks “HBA” bay 9497126333, antre nan Gwoup Kominote WhatsApp HBA a epi swiv nou sou rezo sosyal yo @HaitianBridge

HELP US DEFEND THE HAITIAN COMMUNITY AGAINST MALICIOUS ATTACKS AND RESPOND TO ONGOING EMERGENCIES

NewsLetter

The Bridge Newsletter

* indicates required