ESKE OU GEN YON APLIKASYON AZIL NAN USCIS?
SI SE WI, ASIRE W KE W ALE NAN NOUVO DAT POU ODYANS OU AN NAN TRIBINAL IMIGRASYON!!!
Nan jou sa yo, sa ka rive USCIS transfere dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon san yo pa ba ou posibilite pou ale nan yon enteviyou ak yon ofisye USCIS.
Pou tout moun ki te ranpli yon aplikasyon azil nan USCIS. Tanpri asire nou ke nou tcheke bwat lapòs nou souvan epi tou tcheke si gen nouvo detày sou dosye nou sou sit entènet sa a chak jou : https://acis.eoir.justice.gov/en/ konsa ou ka konnen si ou gen yon nouvo dat randevou nan tribinal imigrasyon pou dosye azil ou a.
Pou ka konnen si ou gen yon dat randevou tribinal sou sit entènèt sa : https://acis.eoir.justice.gov/en/, ou dwe antre nimewo A-… ou an (ki se nimewo 9 chif dosye imigrasyon ou Etazini) apre sa ou ap mete non peyi kote ou te fèt la pou ou ka jwenn detày yo.
Apre ou fin mete enfomasyon sa yo, sit entènèt sa pral fè ou konnen si ou gen yon randevou pou parèt nan yon tribinal imigrasyon pou dosye azil ou a.
Tanpri kontinye tcheke bwat lapòs ou ak sit entènèt la chak jou pou asire ou ke ou okouran de nenpòt chanjman ki fèt sou dosye azil ou a epi si gen nouvo dat randevou tribinal.
Si dosye ou a transfere sòti nan USCIS ale nan tribinal imigrasyon epi gen yon dat pou yo parèt epi ou ta deside pa ale nan tribinal imigrasyon a pou randevou sa, ou riske resevwa yon lèt depòtasyon paske ou pa prezante nan randevou a.
Pou plis enfòmasyon, pa ezite rele sant apèl legal la nan 619-693-8708.