Tcheke dosye Demand Azil ou an sou entènèt la. Evite yon Lòd Depòtasyon Fè tout sa ki posib pou ale nan randevou tribinal imigrasyon ou pou ou pa resevwa yon lèt depòtasyon! Tribinal imigrasyon yo kòmanse chanje dat randevou moun ki te deja gen yon dat randevou nan sistèm nan epi yo kòmanse bay nouvo dat randevou pou moun ki te aplike pou azil nan USCIS epi ki pa te janm gen dosye azil yo devan tribinal imigrasyon anvan. Pou tout moun ki te voye demann azil yo ale Etazini: tanpri tcheke imèl nou chak jou epi tcheke nan ki nivo avanse dosye a ye chak jou sou sit entènèt sa a: https://acis.eoir.justice.gov/en/ Pou ou ka verifye si ou gen yon dat randevou sou sit entènèt sa a, mete nimewo imigrasyon ou an, ke yo rele nimewo A (se nimewo 9-chif ki gen let A devan li a pou idantifye ou kòm imigran nan Etazini) epi mete peyi ou chwazi kote ou fèt la nan lis peyi yo. Apre ou fini antre enfòmasyon sa a, sit entènèt la ap ba ou detay si ou gen randevou nan yon tribinal imigrasyon pou aplikasyon azil ou a. Tanpri tcheke souvan sit entènèt sa a ak imèl ou chak jou pou asire ou rete enfòme si gen chanjman ki fèt nan randevou tribinal la oubyen si ou gen yon nouvo dat pou prezante. Si dat randevou ou a chanje san ou pa okouran oubyen si yon premye randevou planifye pou prezante epi sa ta rive ou pa prezante nan tribinal imigrasyon an pou randevou a, ou riske resevwa yon lèt tribinal la ki deside mete ou sou lis depòtasyon paske ou pa prezante. Pou plis enfòmasyon tanpri pa ezite rele sant dapèl legal HBA a nan 619-693-8708. Pou jwenn dokiman sa a an Anglè ak Fransè, ale nan tèt dokiman an.