FAQs – New Parole Program of Biden Administration-Kreyol

  • Home / News / FAQs – New…

Kesyon yo souvan poze sou Haitian Parole Program (Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen) (denye mizajou 06/01/2023)

  • Kisa Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a ye?
  • Kilès ki ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a?
  • Konbyen tan pwosesis sa a ap pran?
  • Kijan mwen kapab aplike pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an depi Ayiti?
  • Kisa mwen ta dwe fè si mwen gentan sou fwontyè Meksik la?
  • Kisa mwen ta dwe fè si mwen ta vle esponnsò yon moun ki sòti Ayiti pou vin Ozetazini anba nouvo Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an?
  • Èske mwen ka esponnsò timoun minè mwen an pou li ta vin Ozetazini anba pwogram sa?

Kisa Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a ye?

(1) Yon pwosesis pou Ayisyen, Kiben ak Nikaragweyen ak Venezyelyen (CHNV) pou aplike pou antre nan peyi Etazini. Chak mwa, y ap apwouve 30.000 moun pou antre Ozetazini, pase pa yon ayewopò. Sa pa aplikab pou moun k ap antre pa pò terès ki sou fwontyè a yo.

(2) Benefisyè yo ap bezwen youn oswa plizyè esponnsò. Esponnsò sa yo pa oblije manm fanmi moun nan, men yo dwe gen estati legal tankou rezidans, sitwayènnte, TPS). Esponnsò sa (yo) dwe touche ase lajan pou satisfè kritè liy povrete a, montre prèv revni. Esponnsò a dwe kapab bay moun nan kote pou li abite epi manje pou yon peryòd 2 zan.

(3) Yon fwa yo fin apwouve l, benefisyè yo ap gen 90 jou pou yo vwayaje antre Ozetazini ak pwòp lajan pa yo. Estati libète kondisyonèl la dire de (2) lane. Benefisyè yo ap tou kapab aplike pou otorizasyon travay depi yo annik rive Ozetazini (Detèminasyon Otorizasyon Travay, Employment Authorization Determinations – EADs).

(4) Peryòd: Pwogram nan kòmanse 06/01/23. Pa gen dat finisman pou pwogram nan. Li kapab pran sèlman kèk semèn pou yo apwouve aplikasyon an, men li pi pwobab pral gen blokis nan tretman aplikasyon yo kidonk y ap mete yo annatant, se pou tèt sa li kapab pran mwa anvan yo apwouve yo. Otorizasyon pou travay kapab pran plizyè mwa anvan yo apwouve l.

(5) Esponnsò a kapab kòmanse aplikasyon an pou benefisyè a la https://www.uscis.gov/CHNV. Li gratis!

Kilès ki ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a?

Nenpòt Ayisyen ka aplike si:

(1) Li se sitwayen peyi Dayiti oswa fanmi pwòch yon sitwayen peyi Dayiti ki p ap viv Ozetazini. Yon fanmi pwòch vle di yon mari oswa madanm oswa yon moun k ap viv nan plasaj oswa yon pitit ki pa marye ki gen mwens pase 21 lane. Atansyon: pou antre Ozetazini, timoun ki gen mwens pase 18 lane dwe vwayaje ansanm avèk yon paran oswa yon gadyen legal pou itilize pwosesis sa a.

(2) Otorite Etazini pa t depòte moun sa a nan 5 lane ki pase yo (depi anvan 01/2018). Yon moun yo te voye tounen Ayiti anba dekrè Tit 42 gen posiblite pou l aplike tou, si li pa t pase devan yon jij epi yo pa t ba l yon lèt depòtasyon.

(3) Li pa t antre Ozetazini aprè 6 janvye 2023 san li pa pase nan yon pò dantre ofisyèl oswa san li pa gen otorizasyon legal. Si li te antre Ozetazini aprè 6 janvye 2023 san li pa pase nan yon pò dantre oswa san otorizasyon, li gendwa pa kapab aplike pou pwogram sa a.

(4) Li pa t rantre nan peyi Meksik oswa Panama san otorizasyon aprè 6 janvye 2023. Kidonk si li deja nan peyi Meksik, li kapab ranpli kondisyon pou pwogram nan, men si li pa nan peyi Meksik, LI DWE RETE KOTE LI YE A. Li pa dwe rantre nan peyi Meksik, Panama, oswa Etazini si li pa gen otorizasyon tankou yon viza pou antre nan peyi sa a. Apa sa, si li ranpli kondisyon yo, li kapab aplike pou libète kondisyonèl depi nan kote li ye a.

(5) Li genyen yon esponnsò ki gen estati legal Ozetazini tankou rezidans, sitwayènte, oubyen TPS. Esponnsò a dwe ap travay epi touche ase lajan pou satisfè kritè liy povrete a. Esponnsò a dwe kapab bay moun nan kote pou li abite epi manje pou yon peryòd 2 zan. Yo detèmine sa ka-pa-ka, men yon fanmi ki gen 4 moun ladan l dwe touche plis pase $27.750 chak lane. Pou plis enfòmasyon, gade https://aspe.hhs.gov/topics/poverty-economic-mobility/poverty-guidelines. Esponnsò a pa oblije yon manm fanmi moun nan, epi yon moun kapab gen plis pase yon grenn esponnsò (pa egzanp yon papa ak yon frè/sè).

(6) Li dwe gen yon paspò ki poko ekspire. Sa kapab yon paspò ayisyen, men timoun ki fèt nan lòt peyi kapab itilize paspò peyi sa a si yo ka montre yo gen yon fanmi pwòch (manman oswa papa) ki ayisyen. Men fòk paspò a pa ekspire.

(7) Moun nan ak esponnsò li a (yo) kapab degaje yo itilize platfòm USCIS ki an anglè sa a: https://www.uscis.gov/CHNV. Paj dakèy sitwèb la pral disponib an kreyòl semèn pwochenn, men pa plis pase sa.

Konbyen tan pwosesis sa a ap pran?

Nou pa sèten, men sa ap depann sou konbyen aplikasyon yo resevwa epi sou konbyen anplwaye USCIS ki disponib pou trete dosye yo. Yon fwa ou soumèt aplikasyon an, li kapab pran plizyè semèn oswa plizyè mwa. N ap pibliye dènye mizajou yo lè nou gen plis enfòmasyon.

Kijan mwen kapab aplike pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an depi Ayiti?

(1) Gade pou konnen si ou ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen (gade fèy enfòmasyon ki rele Kilès ki ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a?).

(2) Si ou an Ayiti epi ou ranpli kondisyon yo, esponnsò ou a kapab aplike pou ou. Ou pa bezwen vwayaje al okenn kote.

(3) Jwenn yon esponnsò ki gen estati legal Ozetazini tankou rezidans, sitwayènte, oubyen TPS. Esponnsò a dwe ap travay epi touche ase lajan pou satisfè kritè liy povrete a. Esponnsò a dwe kapab ba ou kote pou ou abite epi manje pou yon peryòd 2 zan. Esponnsò a pa oblije yon manm fanmi w epi ou kapab gen plizyè esponnsò (tankou papa ak frè/sè).

(4) Se pa ou menm k ap kòmanse aplikasyon an. Esponnsò a ap kòmanse aplikasyon an. Pou sa, l ap ranpli Fòmilè I-134A sou https://www.uscis.gov/CHNV. Si imigrasyon Etazini apwouve esponnsò a, y ap voye enfòmasyon sou pwochen etap pwosesis la pou ou. Ou pa bezwen fè anyen jouk ou resevwa enfòmasyon sa. Epi annaprè, ou ret tann yo apwouve l.

Kisa mwen ta dwe fè si mwen gentan sou fwontyè Meksik la?

(1) Si ou te rive Meksik anvan dat 6 janvye 2023, oswa te rive Meksik aprè dat 6 janvye 2023 ak yon otorizasyon legal (tankou yon viza), ou kapab aplike pou pwogram nan depi nan Meksik. Pa al eseye antre Ozetazini san ou pa pase nan yon pò dantre ofisyèl epi pa al eseye antre san enspeksyon. Sa kapab rive yo diskalifye w nan pwogram sa. Atansyon: Si ou antre Meksik aprè dat 6 janvye 2023 san yon visa oswa san enspeksyon nan men otorite imigrasyon ki nan Meksik yo, ou pa ranpli kondisyon pou aplike pou pwogram sa anndan Meksik.

(2) Pou ou kapab aplike, an premye se pou w detèmine si w ranpli kondisyon yo (gade fèy enfòmasyon ki di Kilès ki ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a?).

(3) Annaprè, jwenn yon esponnsò ki gen estati legal Ozetazini tankou rezidans, sitwayènte, oubyen TPS. Esponnsò a dwe ap travay epi touche ase lajan pou satisfè kritè liy povrete a.  Esponnsò a dwe kapab bay moun nan kote pou li abite epi manje pou yon peryòd 2 zan. Esponnsò a pa oblije yon manm fanmi w epi ou kapab gen plizyè esponnsò (tankou papa ak frè/sè).

(4) Se pa ou menm k ap kòmanse aplikasyon an. Esponnsò a ap kòmanse aplikasyon an. Pou sa, l ap ranpli Fòmilè I-134A sou https://www.uscis.gov/CHNV. Si imigrasyon Etazini apwouve esponnsò a, y ap voye enfòmasyon sou pwochen etap pwosesis la pou ou. Ou pa bezwen fè anyen jouk ou resevwa enfòmasyon sa. Epi annaprè, ou ret tann yo apwouve l.

(5) Si ou gen fanmi ki deyò Meksik ki ta renmen vin jwenn ou nan Meksik pou nou rantre Ozetazini ansanm, se pou w konnen yo p ap ranpli kondisyon pou pwogram nan si yo antre Meksik san okenn otorizasyon legal (tankou yon viza) aprè dat 6 janvye 2023. Si yo pa t ko anndan Meksik epi yo pa kapab jwenn yon viza Meksiken, l ap pi bon pou yo aplike pou pwogram nan kote yo ye a (gade fèy enfòmasyon ki di (Kijan mwen kapab aplike pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an depi Ayiti?)

Kisa mwen ta dwe fè si mwen ta vle esponnsò yon moun ki sòti Ayiti pou vin Ozetazini anba nouvo Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an?

(1) Ayisyen ki ta renmen antre Ozetazini anba pwogram libète kondisyonèl sa pa kapab aplike pou tèt yo. Yo bezwen yon esponnsò pou aplike pou yo.

(2) Esponnsò a kapab yon manm fanmi benefisyè a, oswa yon zanmi l, yon kòlèg travay li, yon pastè, oswa li kapab menm yon òganizasyon, yon legliz oswa yon biznis. Yon benefisyè kapab gen plizyè esponnsò tankou twa zanmi oswa yon papa ak yon frè/sè.

(3) Pou kòmanse pwosesis la, ale sou https://www.uscis.gov/CHNV epi ranpli fòmilè I-134A.

(4) Y ap mande esponnsò a (yo) pou bay enfòmasyon finansyè pou kapab detèmine si li (yo) gen resous ak kapasite pou ebèje w, ba w manje epi pou reponn ak bezwen benefisyè a oswa benefisyè yo. Pa gen okenn kondisyon defini sou konbyen lajan esponnsò a ta dwe ap touche oswa sou konbyen byen li ta dwe posede, men USCIS sèvi ak kritè liy povrete yo kòm konsèy https://aspe.hhs.gov/topics/poverty-economic-mobility/poverty-guidelines.

(5) Yon moun kapab esponnsò plis pase yon benefisyè, tankou fanmi, men fòk yo gen ase lajan revni jan USCIS detèmine sa pou yo kapab reponn ak bezwen benefisyè yo.

(6) Si USCIS apwouve I-134A a, y ap voye bay benefisyè a enfòmasyon sou pwochen etap nan pwosesis la. Li kapab pran sèlman kèk semèn pou yo apwouve aplikasyon an, men li pi pwobab pral gen blokis nan tretman aplikasyon yo kidonk y ap mete yo annatant, se pou tèt sa li kapab pran mwa anvan yo apwouve yo.

(7) Yon fwa yo fin apwouve l, benefisyè yo ap gen 90 jou pou yo vwayaje antre Ozetazini ak pwòp lajan pa yo. Estati libète kondisyonèl la dire de (2) lane. Benefisyè yo ap tou kapab aplike pou otorizasyon travay depi yo annik rive Ozetazini (Detèminasyon Otorizasyon Travay, Employment Authorization Determinations – EADs). Epitou, otorizasyon pou travay la kapab pran plizyè mwa anvan yo apwouve l.

Èske mwen ka esponnsò timoun minè mwen an pou li ta vin Ozetazini anba pwogram sa?

(1) Yon esponnsò (tankou yon paran oswa yon gadyen legal) ka aplike pou yon timoun minè (pi piti pase 18 lane) nan pwogram sa, depi timoun nan se yon sitwayen peyi Dayiti oswa gen pou pi piti yon paran l ki se Ayisyen epi toutotan li ranpli kondisyon pwogram nan (gade fèy enfòmasyon ki di Kilès ki ranpli kondisyon pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen ki kòmanse nan dat 6 janvye 2023 a?).

(2) Pou yo kapab itilize pwogram sa, se pou timoun ki gen 18 lane yo vwayaje ak yon paran oswa yon gadyen pou kapab antre nan peyi Etazini. Timoun ki pa gen moun ki akonpaye yo pa ranpli kondisyon pou pwogram sa.

(3) Sa ka rive yon gadyen legal bezwen yon lòd jiridik pou montre se li ki gadò timoun nan vre. Pale ak yon avoka si esponnsò a oswa moun k ap akonpaye timoun nan jouk nan peyi Etazini an se yon gadyen legal. Sa se pou asire ou ranpli tout kondisyon legal yo.

(4) Si paran oswa gadyen legal la anndan peyi Meksik epi gen timoun minè andeyò Meksik ki ta renmen antre peyi Etazini ak li nan pwogram sa, yo p ap ranpli kondisyon pou pwogram nan si yo antre Meksik san otorizasyon legal (tankou viza) aprè dat 6 janvye 2023. Si yo pa gentan anndan Meksik epi yo pa kapab jwenn yon viza meksiken, l ap pi bon pou yo aplike pou pwogram nan kote yo ye a (gade fèy enfòmasyon ki di Kijan mwen kapab aplike pou Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen an depi Ayiti?).

(5) Timoun nan dwe gen yon paspò ki poko ekspire.

 Si mwen antre Ozetazini anba Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen, èske mwen kapab toujou aplike pou yon viza etidyan? (disponib byento)

Si mwen antre Ozetazini anba Pwogram Libète Kondisyonèl pou Ayisyen, epi madanm mwen oswa mari m Ozetazini, èske mwen ka toujou aplike pou yon kat vèt? (disponib byento)

Kijan m ap travèse fwontyè Etazini-Meksik pa vwa terès? Kisa CBP One ye? (disponib byento)

Pou plis enfòmasyon, al gade Kesyon-Repons sa yo, Welcome.us ki ekri l an Anglè and Kreyòl.

 Pou plis enfòmasyon, kontakte HBA.

Haitian Bridge Alliance (HBA), yo konnen l tankou “the Bridge” se yon òganizasyon kominotè ki kole zèpòl ki lite pou politik imigrasyon ki jis ak imen epi bay migran ak imigran yo sèvis imanitè, jiridik ak sosyal. Li chita plis sou migran ras nwa, kominote ayisyèn nan, fanm ak tifi, moun ki nan kominote LGBTQIA+ ansanm ak sila ki te viv tòti ak lòt abi dwa moun. Epitou, HBA travay pou leve vwa sou pwoblèm migran nwa yo ap viv, epi bati solidarite ak mouvman pote kole sou wout chanjman politik. Anpil men, chay pa lou (“Many hands make the load light”). Swiv nou sou Twitter, Instagram ak Facebook: @haitianbridge

Leave a Reply

HELP US RESPOND TO EMERGENCIES AT THE BORDER
DONATE TODAY BY CLICKING THE BUTTON BELOW...!